Accessibility links

Breaking News

Reouvèti Moniman Washington nan aprè Preske 3 Zan


Moniman Washington nan.
Moniman Washington nan.
Nan Washington, otorite yo pral relouvri, nan jounen lendi 12 me 2014 la, youn nan pi gwo moniman istorik ki genyen nan vil la, an palan de moniman yo konsakre pou premye prezidan peyi a, George Washington.

Sa preske gen 3 zan, otorite yo te fèmen moniman an pou vizit touristik an patikilye e pou vizit piblik la an jeneral aprè yon tranblemanntè fòs 5 pwen 8 te frape kapital federal Lèzetazini an. James Perry, youn nan responsab pak nasyonal yo nan Washington, di ki enpòtans reouvèti sa a genyen.

“ Pa gen anyen pi reprezante vil Washington pi byen pase Moniman Washington nan. Alòs, sete yon pwosesis enteresan e ki edike nou tou; se yon pwosesis ki pral ede jenerasyon kap monte yo apresye vil la.”

Tranblemanntè 2011 la, ki te lakoz yo fèmen Moniman Washington nan pandan 33 mwa, te frape pati lès Lèzetazini kote fenomèn natirèl konsa pa pase souvan. Li te fè dega tou nan yon lòt sit touristik kapital la, an palan de katedral nasyonal la.
XS
SM
MD
LG