Accessibility links

Breaking News

Venezuela ap Ede Ayiti Relanse Sektè Agrikòl la


Gouvènman prezidan venezuelyen an, Nicolàs Maduro, ofri Ayiti 48 traktè, 40 motosiklèt plis yon santèn aparèy pou wouze Tè. Nan okazyon seremoni ki dewoule jedi 8 me 2014 la pou fè livrezon materyèl sa yo, Prezidan Michel Martelly di jès Venezuela a pral kore efò Ayiti ap fè pou l pote amelyorasyon nan sektè agrikòl la.

Ayiti-Jistis : Woodly Ethéart, alyas Sonson La Familia --yon nèg lajistis tap chache depi preske 2 mwa sou akizasyon deske li ta mele nan zak kidnaping ak blanchiman lajan-- rann tèt li bay otorite yo. Afè sa a te fè gwo bri nan mitan mwa mas la aprè lapolis te poze arestasyon Madam Ethéart lè yo te ale lakay koup la epi yo pat jwenn akize a.

Toujou ann Ayiti, Senatè Moise Jean-Charles --ki pa konn mete dlo nan bouch li pou l kritike administrasyon Martelly-Lamothe la-- te pase yon move kadè sou wout Gresye a kote lapolis te rete machin li epi mande l antre nan komisarya lokal la. Polisye yo te fè palmantè a konnen yo te vle fouye machin li ; sepandan senatè a te derifize kite yo fè fouy la toutotan yo pat ba li manda ki te otorize yo fè sa. Pandansetan, yon foul moun te reyini, laprès te prezante e menm kèk manm palman an (pami yo Prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desra) te ale sou plas. Misye Jean-Charles, ki bay Jean Robert Philippe yon entèvyou, pa di pou ki rezon egzatteman lapolis te pran desizyon an. Sepandan nouvèl yo fè konnen palmantè a te gen abò machin li yon moun otorite yo tap chache – an palan de Assad Volcy. Finalman, lapolis te di senatè a li te mèt kontinye wout li.

Sekretè Jeneral adjwen l’OEA, anbasadè Albert Ramdin, fè konnen òganizasyon rejyonal la repete apui li pou òganizasyon eleksyon ann Ayiti anvan fen ane 2014 la. Nan yon entèvyou avèk Jean Pierre Leroy, diplomat la deklare, si l’OEA pap ofri yon asistans ekonomik pou operasyon elektoral la (men pito yon asistans teknik e lojistik), li pral mennen yon kanpay aktif pou pèmèt Ayiti jwenn apui rejyonal e entènasyonal ki nesesè pou eleksyon yo byen dewoule.

Anfen, minis jistis ayisyen an, Jean Renèl Sanon, di li resevwa yon lis ki gen sou li non jij ki rive nan fen manda yo sou tout tèritwa nasyonal la. Li raple, daprè konstitisyon an, se Prezidan Repiblik la --e li menm sèlman-- ki gen dwa pou l nonmen tout nouvo jij sou rekòmandasyon CSPJ.

Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie-Luce Pierre e Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG