Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Kerry Konfime Ed Lèzetazini pou Nijerya Kont Boko Haram


Sekretè Deta John Kerry
Sekretè Deta John Kerry
Sekretè Deta John Kerry di Lèzetazini pral fè tout sa k posib pou libere 276 ti elèv lekòl ki tonbe anba men kidnapè nan peyi Nijerya. Ti elèv lekòl sa yo --yo tout se tifi-- te tonbe anba men manm gwoup militan islamik radikal Boko Haram sa gen plis pase 5 semèn.

Pandan Misye Kerry tap pale jedi 8 me 2014 la, li fè konnen yon ekip konseye militè ameriken ale nan Nijerya pou pote konkou yo nan domèn kominikasyon, lojistik ak enfòmasyon sekrè.

« Ekip nou an, ki gen reprezantan divès ajans ladan n, ap debake laba kounye a menm. Yo pral travay ansanm avèk gouvènman Prezidan Goodluck Jonathan an pou yo fè tout sa nou kapab fè pou n pèmèt ti moun yo retounen nan fanmi yo ak kominote yo. Se konsa tou, nou pral fè tout sa k posib pou n kontrekare menas Boko Haram nan. »

Gen 3 lòt peyi ki ofri pou yo ede Nijerya nan rechèch timoun yo. La Grand Bretay pwomèt pou l bay enfòmasyon satelit kòm asistans, tandiske Lafrans anonse li pral voye ajan sekirite nan Nijerya.

Pandan Prezidan nijeryan an, Goodluck Jonathan, te pran lapawol nan jounen jedi a, nan Fowòm Ekonomik Mondyal la kap dewoule nan Abouja, kapital la, li te gen kèk mo remèsiman pou Lachin, dènyè peyi an dat ki pwomèt pou l pote konkou l nan efò kap fèt pou jwenn ti elèv lekòl yo. Li te pale tou de lòt peyi ki pran angajman pou yo ede rezoud dilèm sa a kap dire depi plis pase yon mwa deja.

“Lèzetazini d Ammerik, Wayòm Ini ak Lafrans deja pale avèk mwen tou e yo pran angajman pou yo ede n rezoud kriz sa a nan Nijerya. Mwen panse kidnaping ti elèv sa yo reprezante kòmansman lafen pou aktivite teworis nan Nijerya.”

Prezidan Jonathan ajoute sila yo kap patisipe nan fowòm ekonomik mondyal la manifeste apui yo pou peyi li e yo pote mesye teworis yo yon gwo kou. Daprè li, si patisipan yo te chwazi pou yo pa vini nan randevou mondyal sa a, se militan ekstremis yo ki tap selebre e yo tap jwenn ankourajman pou yo komèt plis move zak toujou.
XS
SM
MD
LG