Accessibility links

Breaking News

Gwoup Ekstremis Boko Haram Frape Fò Ankò nan Nijerya


Plizyè santèn moun sanble ta pèdi lavi yo anba men militan ki atake yon vilaj nan pati nòdès Nijerya kote yo mete dife nan kay prive ak mezon-d-komès epi yo touye abitan ki tap eseye chape. Otorite lokal yo akize mouvman mizilman ekstremis Boko Haram deske se li ki lanse atak kriyèl e tèrib sa a nan vilaj Gambou N’Gala, tou prè fwontyè Nijerya ak Kamewoun.

Atak la fèt nan menm rejyon kote manm gwoup la te kidnape plis pase 200 ti elèv lekòl (tout se tifi) mwa pase a; ansuit yo te lanse menas pou di yo pral vann timoun yo. Lèzetazini anonse li pral voye yon ekip espesyalis nan Nijerya pou pote konkou yo nan efò kap fèt pou jwenn ti moun sa yo. Jen Psai, pòt pawòl Depatman Deta a, konfime nouvèl la mèkredi pou laprès:

“San di pètèt, li nan enterè gouvènman peyi Nijerya a pou l aksepte tout asistans nou ofri a ; nan jounen yè a, yo te pale pou di yo dispoze aksepte li; e li nan enterè yo pou yo kontinye kowopere le plis posib.”

Lèzetazini presize li pa gen entansyon lanse yon operasyon sovtaj militè pou al chache reprann timoun yo nan men kidnapè yo.
XS
SM
MD
LG