Accessibility links

Breaking News

Plis Reyaksyon Kont Fòmasyon KEP Prezidan Martelly Mete sou Pye a


Desizyon Prezidan Michel Martelly pran pou l fòme yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa, san kontribisyon sena a, kontinye pwovoke reyaksyon negatif nan mitan klas politik la ak sosyete sivil la. Kèk politisyen rejte KEP sa a e yo akize prezidan an deske li aji pou kont li pou l fòme konsèy la, alòske lalwa prevwa patisipasyon divès sektè nan kreyasyon antite elektoral la. Sektè ki leve kont desizyon an fè konnen aksyon sa a montre Misye Martelly pa gen volonte pou l negosye e li afiche yon enfleksibilite ki kapab fè kriz la dire pi lontan toujou.

Yon lòt kote, Monseyè Patrick Aris, pòtpawòl Konferans Episkopal d Ayiti –medyatris nan Dyalòg Entè-Ayisyen ki te debouche sou Akò El Rancho a—byen akeyi sa li konsidere kòm bòn volonte pati konsène yo pou yo fè pwosesis elektoral la avanse. Li lanse apèl bay siyatè akò a pou l mande yo pran dispozisyon pou eleksyon dewoule nan peyi a anvan fen ane a, jan dokiman an prevwea l la. Daprè Monseyè Aris, « eleksyon se sèl chemen ki kapab wete peyi a nan kriz lap travèse depi lontan deja. »

Anfen, pòtpawòl Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Gary Desrosiers, prezante yon bilan aktivite lapolis pandan 2èm mwatye mwa d avril 2014 l a –pi presizeman sòti 16 pou rive 30 avril. Misye Desrosiers, ki pale ak laprès nan jounen mèkredi 7 me a, fè konnen pandan peryòd la lapolis arete 30 moun ki te mele nan zak tankou asasina, vòl ak vyòl, tandiske yo sezi 5 zam. Epi, avèk asistans DEA (Drug Enforcement Agency) --swa ajans Lèzetazini ki la pou kontwole zafè trafik dwòg la—lapolis te sezi 20 kilo kèkokayin nan pati sid peyi a.

Klike sou « Koute » pou swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Jean Robert Philippe, Clarens Renois, Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG