Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Martelly sou Nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly.
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly.
Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly mete yon mesaj devan pèp la byen ta nan jounen madi 6 me 2014 la pou l eksplike desizyon li pran pou l mete sou pye yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa. Nan deklarasyon lidè ayisyen an fè nan mesaj sa a, li raple tout etap li menm ak pati konsène yo te franchi jiskaske yo te debouche sou akò politik El Rancho a.

Prezidan Martelly atire atansyon sou le fèt ke aplikasyon Akò El Rancho a te rankontre difikilte nan chanm wòt palman an apre yon group senatè te poze kondisyon anvan pou yo vote pou amande lwa elektoral la, malgre depite yo te deja aprouve dokiman an. Misye Martelly di Akò El Rancho a fikse dat 26 oktòb 2014 la pou eleksyon dewoule ann Ayiti pou evite yon vid enstitisyonèl nan peyi a. Menm akò sa a te bay pati siyatè yo 10 jou pou yo swa ranplase, swa konfime reprezantan yo nan CT/CEP a pou yo tounen manm nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Klike sou “Koute” pou w swiv mesaj Prezidan Martelly a.
XS
SM
MD
LG