Accessibility links

Breaking News

Avètisman Thomas Adams, Ofisyèl Wo Plase nan Depatman Deta a, pou Senatè ki kont Adopsyon Lwa Elektoral la


Thomas Adams, Kowòdonatè Depatman Deta pou Ayiti.
Thomas Adams, Kowòdonatè Depatman Deta pou Ayiti.
Kowòdonatè Depatman Deta a pou Ayiti, Thomas Adams, di yon gwoup senatè ki kont adopsyon lwa elektoral la –yon konpòtman ki ka anpeche peyi a gen eleksyon anvan fenn ane 2014 la-- ap komèt yon suisid politik e li lanse apèl bay palmantè sa yo pou l mande yo mete fen nan opozisyon yo a. Misye Adams rekonèt dwa senatè yo pou yo fè opozisyon ak politik gouvènman an plas la –yon bagay ki nòmal nan tout demokrasi; men, daprè li, sa pa ba yo dwa pou yo bloke evolisyon pozitif pwosesis elektoral la. Kowòdonatè Depatman Deta a pou Ayiti, ki tap reponn kesyon Jean-Pierre Leroy, di Kongrè ameriken an pa pral bloke asistans Lèzetazini pou Ayiti pou ane 2014 la, paske Sekretè Deta John Kerry pral sètifye peyi a fè pwogrè sou gouvènman Martelly a pandan 12 mwa ki pase yo.

Yon lòt kote, Chaje Dafè kanadyen an ann Ayiti, Gilles Rivard, di li jwenn sa innakseptab pou yon gwoup senatè anpeche palman an apwouve yon lwa elektoral ki tèlman enpòtan pou evolisyon pwosesis demokratik la nan peyi a. Li lanse apèl bay senatè sa yo pou yo chanje konpòtman epi ouvè wout la pou eleksyon yo dewoule anvan fen ane 2014 la. Daprè diplomat kanadyen an, « se stablite ak sekirite peyi d Ayiti ki an je. »

Anfen, plizyè manm chanm bas palman ayisyen an rejte desizyon prezidan chanm nan, Stivenson Jacques Timoléon, pran pou kont li pou l rekondui 2 reprezantan palman an nan Konsèy Elektoral Pwovizwa ki pral fòme pou òganize pwochen eleksyon yo. Depite sa yo di lè palman an tap pran desizyon pou voye reprezantan li nan CT-CEP a (ke CEP a pral ranplase), se lidè tou lè 2 chanm yo ki te mete ansanm pou yo chwazi reprezantan yo, jan pwotokòl palmantè a mande sa; alòs Misye Timoléon vyole règleman yo lè li pran desizyon an san konsantman sena a.

Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Jean-Pierre Leroy, Rotchild François Jr. epi Orpha Dessources. Prezantasyon Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG