Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik – Divizyon ap Pèsiste ant 2 Chanm Palman an sou Fòmasyon Konsèy Elektoral la


Nan peyi d Ayiti, prezidan chanm bas la, Stevenson Jacques Thimoléon, mete sena a okouran desizyon depite yo pran pou yo konfime 2 reprezantan palman nan CT-CEP a –yon desizyon kèk senatè kondane.

Rezon divizyon sa a, se le fèt ke majorite depite yo sanble vle ale nan sans Akò El Rancho a ki mande jisteman pou pati konsène yo ranplase yon manm sou 3 yo te voye nan enstitisyon elektoral la pou yo kapab fòme yon nouvo KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa), alòske majorite manm Sena a ta pi renmen kreyasyon yon lòt KEP avèk manm ki sòti nan divès sektè.

Sanble lidè politik Sauveur Pierre-Etienne (OPL) plis rapwoche l de pozisyon chanm bas la ; paske, menm si li mande pou pati konsène yo ranplase 2 manm –e non pa yon sèl- nan CT-CEP a, li pa rejte Akò El Rancho a totalman, jan sena a vle fè l la.

Yon lòt kote, Kadinal Chibly Langlois vizite Jakmèl nan jounen mèkredi 30 avril 2014 la, swa lavèy premye me a, jou selebrasyon fèt pawonal vil la, Sen Filip ak Sen Jak. Nan yon seremoni ki dewoule nan okazyon vizit sa a, Son Eminans Langlois fè yon diskou kote li te gen kèk bèl bawòl pou Jakmèl an patikilye ak tout Depatman Sidès la an jeneral.

Anfen, nan vil Okay, espesyalis nan kesyon devlopman agrikòl, reprezantan peyi ACP yo ak Inyon Ewòp la te patisipe nan yon reyinyon kote yo te abòde defi ki poze nan mond agrikòl la ann Ayiti.

Klike sou « Koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Orpha Dessources, Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG