Accessibility links

Breaking News

Irakyen yo ap Vote Mèkredi pou yo Chwazi 328 Manm Palman an ak yon Nouvo Premye Minis

Fòs sekirite yo ap fè pòs devan yon biwodvòt nan santvil Bagdad, kapital Irak, nan kòmansman jounen 30 avril 2014.
Fòs sekirite yo ap fè pòs devan yon biwodvòt nan santvil Bagdad, kapital Irak, nan kòmansman jounen 30 avril 2014.
Nan Irak, sitwayen yo ap jete bilten mèkredi 30 avril la nan premye eleksyon jeneral kap dewoule depi Lèzetazini te mete fen nan prezans militè li nan peyi a an 2011. Byen bonè nan maten an, biwodvòt yo te ouvè anba gwo mezi sekirite. Elektè ap vote pou yo chwazi manm yon palman ki gen 328 syèj.

Premye minis irakyen an, Nouri al-Maliki, ap chache yon 3èm manda nan pòs li a; men eleksyon yo ap dewoule nan moman peyi a ap fè fas ak pi move vag vyolans li konnen depi 2008. Misye al-Maliki jete bulten li byen bonè nan jounen an nan vil Bagdad, kapital la, kote li lanse apèl bay konpatriyòt li yo pou l mande yo sòti an grann kantite pou y al fè devwa sivik yo. Misye al-Maliki di irakyen yo:

« Nan okazyon sa a, mwen mande tout irakyen pou yo ale nan biwodvòt yo epi patisipe an grann kantite nan eleksyon sa a; paske, sitwayen ki pran pa nan elekyon-an, pral gen dwa kritike e mande dirijan yo rann kont de jan yap mennen bak peyi a, menm jan yap gen dwa sipèvize jesyon Leta ; tandiske sila yo ki pa patisipe, pap gen dwa sa a. Mwen pa ta remnen wè okenn sitwayen rate chans pou yo sipèvize eleksyon an ; mwen ta renmen wè yon patisipasyon maksimòm. Si Bondye vle, nou pral selebre siksè eleksyon an ak defèt teworism, defèt sila yo ki tap travay pou n pa janm gen eleksyon. »

Chif ak statistik ki sòti nan Nasyon Zini ak biwo lokal atravè Irak montre yon afè de 7 mil 800 sivil pèdi lavi yo nan peyi a ane pase a; e 2 mil 600 moun mouri nan zak vyolans pandan 3 premye mwa ane 2014 la.
XS
SM
MD
LG