Accessibility links

Breaking News

118èm Edisyon Maraton Boston an ap Dewoule anba Gwo Mezi Sekirite.


Patisipan yo mete yo an liyn nan zòn depa Maraton Boston an, edisyon 2014, nan vil Hopkinton, Eta Massachusetts, nan kòmansman jounen 21 avril 2014 la. (Foto: Carolyn Presutti/VOA).
Patisipan yo mete yo an liyn nan zòn depa Maraton Boston an, edisyon 2014, nan vil Hopkinton, Eta Massachusetts, nan kòmansman jounen 21 avril 2014 la. (Foto: Carolyn Presutti/VOA).
Yon afè de 36 mil kourè, ki sòti nan 70 peyi, ap patisipe, nan jounen lendi 21 avril 2014 la, nan 118èm edisyon marathon vil Boston an. Sèvis sekirite a sere anpil-anpil aprè 2 eksplozyon bonm te deranje seryezman edisyon ane pase a kote 3 moun te mouri, tandiske plis pase 260 lòt te blese. Nouvèl yo fè konnen yon afè de yon milyon moun ap rasanble sou tout pakou (swa sou 42 kilomèt) pou yo asiste evennman atletik sa a, depi vil Hopkinton pou rive anba lavil Boston.

Deval Patrick, gouvènè Massachusetts la --Eta kote vil Boston sitiye a-- fè konnen sekirite ranfòse a pral gen ladan n plis polis an inifòm kap epapiye sou tout pakou a, plis yon entèdiksyon pou moun vini avèk valiz oubyen bidon ou galon ki gen dlo nan zòn ligne d’arrivée Maraton an, kote eksplozyon yo te fèt ane pase a. Pandan Misye Patrick tap patisipe, dimanch, nan pwogram televizyon Face the Nation sou CBS, yo te mande l di 2 mo sou nivo sekirite maraton an pral genyen ane sa a. Gouvènè Patrick di:

“Ap gen bon jan sekirite. Gen yon moun ki di Boston pral tounen vil kote ki genyen plis sekirite a Ozetazini nan okazyon an. Men, mwen ka di w nou eseye tabli yon ekilib ant yon sekirite ranfòse avèk nesesite pou n pèmèt fanmi yo byen pwofite de evennman jounen an. Yon moun fè kòmantè pou l di maraton an pral reprezante yon gwo fèt kap dewoule sou yon plas piblik ki mezire 42 kilomèt de longè e kote pa gen etranje. Alòs, nou vle prezève espri fèt sa a ; men nap egzèse plis vijilans ak disiplin nan fason nou bay sekirite a, akoz tout atansyon moun te atache nan maraton an ane pase a, nan trajedi ki te gen aprè sa a e ki te mande pou n pran dispozisyon rezonab pou n ranfòse preparasyon evennman ane sa a.”

Kèk nan atlèt ki te patisipe nan edisyon 2013 la, men ki pat fini kous la akoz eksplozyon bonm yo, retounen ane sa a ankò. Youn nan yo se Scott Kennedy ki pale pou l di kisa maraton ane sa a reprezante pou tout moun kap patisipe ladan n yo. Misye Kennedy deklare :

“Se tou senpleman pou n montre teworis yo ke yo pa kapab ranpòte laviktwa. Sa gen kèk semèn sèlman, mwen te wè yon foto ak yon enskripsyon ki te di : « Nou fèt pou n reprann ligne d’arrivée; ligne d’arrivée fèt pou retounen nan men nou.” E se sa 36 mil patisipan yo pral fè Jodi a: se reprann posesyon ligne d’arrivée a. »

Pami atlèt ki byen plase pou ranpòte maraton Boston an ane sa a, genyen atlèt-fanm ki te chanpyòn ane pase a, Rita Jeptoo --yon sitwayèn peyi Kenya-- epi, bò kote mesye yo, etyopyen Lelisa Desisa. Yo pale pou di yo pral fikse yon atansyon total sou kous la. Yon lòt patisipan se anbasadè peyi Irak Ozetazini an, Lukman Faily, ki di lap patisipe pou l montre solidarite li avèk pèp ameriken an.
XS
SM
MD
LG