Vis prezidan ameriken an, Joe Biden, kite Washington pou l ale nan Ikrèn kote li pral fè chita-tande ak prezidan pwovizwa a e avèk premye minis la nan moman sitiyasyon an nan nan pati lès peyi a toujou chaje ak tansyon. Daprè sa La Mezon Blanch fè konnen, Misye Biden pral abòde avèk otorite ikrenyen yo efò entènasyonal kap fèt pou ede peyi a avanse sou wout kap debouche sou refòm nan konstitisyon an epi sou sa otorite nan Administrasyon Obama a konsidere kòm eleksyon prezidansyèl lib e kredib nan dat 25 me pwochen an.
Chita-tande yo pral santre tou sou sitiyasyon an nan pati lès Ikrèn kote yon trèv belijeran yo te pwomèt pou yo respekte pandan semèn sent la, rive kenbe pandan kèk èdtan sèlman, anvan li te echwe nan vil SlavYansk, kote moun yo an favè yon rapwochman ak Larisi e kote kout-zam pati nan yon pòs enspeksyon polis. Bilan: 3 moun mouri. Pèsonn poko ka di egzatteman kisa k rive. Otorite yo nan Ikrèn di se fòs espesyal Larisi ki lanse atak la; sepandan, minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov, lanse akizasyon pou l di responsab yo se otorite ikrenyen yo ki, daprè sa l di, pa vle mete kontwòl sou ekstremis ki pa sispann tire sou sivil ki pa gen zam sou yo.