Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Administrasyon Piblik : Enstalasyon Nouvo Manm Konsèy Kou Siperyè dè Kont la.


Nan seremoni enstalasyon nouvo manm Konsèy Kou Siperyè dè Kont la, prezidan sòtan an, Madam Nonie Mathieu, swete enstitisyon an va gen zouti ak endepandans li bezwen pou li fè travay li komilfo. Prezidan Martelly, ki ta pran lapawòl nan okazyon an, raple nouvo manm yo enpòtans responsablite kap tann yo. Prensipal wòl enstitisyon sa a, se egzèse yon siveyans vijilan sou fonksyonnman administrasyon piblik la kote bagay yo dwe fèt, daprè lalwa peyi a, ak entegrite e transparans.

Yon lòt kote, premye minis Laurent Lamothe vizite lokal Brasri Nasyonal la nan jounen lendi 7 avril 2014 la. Nan okazyon an, Misye Lamothe raple youn nan priyorite administrasyon n nan, se fè pwomosyon pou pwoduksyon nasyonal la gras, antwòt, ak yon patenarya ant sektè piblik la ak sektè prive a. Li di 2 nan objektif gouvènman an ap pouswiv, se kreyasyon djòb ak etablisman yon klima ki kapab atire envestisman.

Ann Ayiti toujou, Depatman Edikasyon Nasyonal lanse, nan jounen lendi 7 avril la, yon seminè kote òganizatè yo gen pou bay detay sou dispozisyon responsab yo pran pou yo ranfòse sistèm edikatif la nan tout nivo –primè, segondè, pwofesyonèl ak inivèsitè. Nan yon entèvyou ak Jean Pierre Leroy, nouvo minis edikasyon an, Nesmy Manigat, pale de enpòtans efò kap fèt pou modènize ansèyman siperyè nan peyi a.

Anfen, lapolis nan Plato Santral poze arestasyon 4 moun pou enplikasyon yo nan kidnaping yon sitwayen dominiken. Pòtpawòl polis rejyonal la, Réginald Michel, di operasyon an debouche tou sou liberasyon viktim nan ki rele Francisco Castillo, san fanmi li pa peye yon ransyon yon milyon 700 mil peso kipnapè yo te reklame.

Klike sou “Koute” pou w swiv : 1.- Repòtaj Rotchild François Jr. sou enstalasyon manm Konsèy Kou Siperyè dè Kont yo; 2.- Deklarasyon premye minis Lamothe pandan vizit li nan brasri nasyonal; 3.- Ekstrè entèvyou minis edikasyon an, Nesmy manigat, bay Jean Pierre Leroy; 4.- Repòtaj Josué Joseph sou kout-filè lapolis ki mete men sou 4 swadizan kidnapè nan Plato Santral la.
XS
SM
MD
LG