Tout manm chanm bas palman ayisyen an, san wete youn, vote nan jounen madi premye avril 2014 la pou yo apwouve lwa elektoral desanm 2013 la apre yo te pote kèk chanjman nan modifikasyon pouvwa ekzekitif la te fè nan dokiman an. Mèkredi 2 avril la se jou kote delè pou aplikasyon akò entè-ayisyen an ap pran fen. Nan dokiman sa a --ki rele Akò El Rancho a -- pati siyatè yo te pran angajman pou yo aplike yon mach-a-swiv pou yo rezoud pwoblèm ijan ki poze nan peyi a –pami yo genyen oganizasyon pwochen eleksyon yo.
Youn nan lòt egzijans ki nan akò entè-ayisyen an, se fòmasyon yon gouvènman d’ouvèti avèk manm «ki enspire konfyans », pou n site sa ki di nan dokiman an. Se konsa, pandan Prezidan Michel Martelly tap abòde kesyon an nan jounen madi premye avril la, li fè konnen li-menm ak Premye Minis Laurent Lamothe ap travay san pran souf pou yo mete san nèf nan ekip kap dirije nasyon an. Misye Martelly di sa pral fèt anvan fen delè akò a fikse a –swa anvan minui mèkredi 2 avril la.
Klike sou « Koute » pou w gen plis detay avèk korespondan nou Clarens Renois ki reponn kesyon Jean Robert Philippe sou aplikasyon akò entè-ayisyen an, epi anons Prezidan Martelly fè pou l di peyi a pral genyen yon ekip tou nèf nan tèt anvan lontan.