Accessibility links

Breaking News

Tranblemanntè 8.2 o Chili. Omwen 6 Moun Mouri.


Chilyen ki reyini sou 2èm etaj yon konplèks apatman kote youn ap konsole lòt. Yo twoue yo sou yon distans tou kout ak kòt la apre tranblemanntè ki frape vil Iquique nan dat premye avril 2014 la.
Chilyen ki reyini sou 2èm etaj yon konplèks apatman kote youn ap konsole lòt. Yo twoue yo sou yon distans tou kout ak kòt la apre tranblemanntè ki frape vil Iquique nan dat premye avril 2014 la.
Nan peyi Chili, otorite yo lanse yon avètisman kont sounami pou popilasyon kap viv sou kòt peyi a –ki genyen yon longè ki depase 7 mil kilomèt-- apre yon tranbleman de tè, ki mezire 8, 2 sou echèl Richter la, frape peyi a e touye omwen 5 moun. Avètisman sa a lakoz anpil moun kouri deplase kite vil ak vilaj ki sou kòt pasifik Chili. Sant tranblemanntè a –ki frape peyi a byen ta nan sware madi premye avril 2014 la- twouve l sou yon distans 100 kilomèt ap kòt nòdwès peyi a kote glisman teren bloke sikilasyon e laprès rapòte blackout anpil kote nan rejyon an.

Prezidan Michèle Bachelet dekrete yon eta-dijans pou tout zòn konsène yo; sepandan li di li twò bonè pou moun konnen ki dimansyon egzat dega dezas natirèl la koze. Madam Bachelet te pran lapawòl nan radyo ak televizyon byen ta madi pou l mande pèp la gade kalm li. Prezidan Chili a di :

« Nou pran dispozisyon apwopriye pou n pwoteje lavi moun yo ak pwopriyete yo. E gouvènman an pral kontinye travay san rete, pandan tout tan ki nesesè, pou n fè fas ak ka dijans sa a e pwoteje sitwayen n yo. »

Avètisman anti-sounami ak lòd pou moun yo deplase, rete valab pou popilasyon kap viv sou tout kòt nò Chili, nan moman gouvènman konsène yo anile avètisman menm jan yo te lanse pou tout peyi sid-ameriken ki gen kòt sou Oseyan Pasifik la.
XS
SM
MD
LG