Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Evolisyon nan Suivi Akò El Rancho a – Yon Nouvo Lwa Elektoral Devan Palman an


Ann Ayiti, Pouvwa Egzekitif la soumèt devan palman an yon nou pwojè-lwa elektoral nan kad aplikasyon akò 3 pati (egzekitif la, palman an ak pati polik yo) te jwenn nan dat 15 mas pase a pou rezoud pwoblèm politik peyi a ap konfwonte yo –tankou difikilte pou òganize eleksyon ki te dwe dewoule depi ane 2011.

An plis de chanjman nan lwa elektoral la, akò a prevwa tou –antwòt- enstalasyon yon gouvènman douvèti, chanjman nan fòmasyon Konsèy Elektoral la, ak amandman konstisyon an. Delè pou pati konsène yo fin mete akò a an apliaksyon nèt ap pran fen mèkredi 2 avril 2014 la.

Klike sou “koute” pou w suiv 1. plis detay avèk korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou dosye a ak lòt pwen nan aktyalite a ann Ayiti -. 2. eksplikasyon avèk pòtpawòl prezidans la, Lucien Jura, epi 3. pozisyon palman an avèk Depite Guy Gérard Georges.
XS
SM
MD
LG