Accessibility links

Breaking News

2 Nouvo Afilye VOA Creole ann Ayiti : Radyo Inivèsèl nan Wanament ak Radyo Gama nan Fò Libète.


Antèn parabolik(satellite dish) ki pèmèt yon estasyon radyo retransmèt pwogram yon lòt.
Antèn parabolik(satellite dish) ki pèmèt yon estasyon radyo retransmèt pwogram yon lòt.
Nan dat vandredi 28 Mas 2014 la, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la akeyi ofisyèlman 2 nouvo afilye nan Depatman Nòdès peyi d Ayiti. Nouvo afilye sa yo se Radyo Inivèsèl (Radio Universelle) nan Wanament ak Radyo Gama nan Fò Libète.

Nan okazyon an, yon premye seremoni dewoule nan Wanament an prezans manm yon delegasyon ki te gen ladan n direktè Biwo Afè Piblik anbasad amerikèn nan ann Ayiti, Michael Macy, avèk direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César. Responsab Radyo Inivèsèl la, Rolex Mompremier, te pran lapawòl pou l atire atansyon sou enpòtans afilyasyon estasyon an ak Lvwadlamerik genyen pou kominote lokal la an patikilye e pou tout Depatman Nòdès la an jeneral.

Touswit apre seremoni sa a, delegasyon an te ale nan Fò Libète kote Radyo Gama, li menm
tou, tounen ofisyèlman yon nouvo afilye Sèvis Kreyòl la. Direktè estasyon an, Judson Michel, te pale pou l plase afilyasyon sa a nan yon kontèks espesyal.
Majistra kominal Fò Libète a, Guyto Pierre --ki te youn nan oratè yo-- fè konnen jounen Vandredi 28 Mas 2014 la se yon gwo jou non sèlman pou Radyo Gama, men tou pou tout popilasyon lokal la.

Chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald Cesar, te pran lapawòl tou pou l remèsye responsab Radyo Gama yo, jan li te fè sa nan Wanament kote li te eksprime apresyasyon Lavwadlamerik pou dirijan Radyo Inivèsèl yo.

Bò kote pa l, direktè Sèvis Afè Piblik Anbasad amerikèn nan, Michael Macy, di Radyo Gama mèsi pou, antwòt, angajman estasyon an pran pou l releye emisyon Sèvis Kreyòl la.

Klike sou "Koute" pou w swiv retransmisyon yon pati nan seremoni yo.
XS
SM
MD
LG