Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Envestisman : Premye Minis Lamothe Mande Plis Kowòdinasyon.


Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe
Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe
Premye minis ayisyen an, Laurent Salvador Lamothe, òganize nan jounen madi 25 mas 2014 la premye rankont komite Kowòdinasyon Èd Ekstèn pou Devlopman an (CAED). Reprezantan plizyè bayè de fon entènasyonal te patisipe nan rankont sa a.

Premye Minis Lamothe te pwofite okazyon an pou l repete yon apèl administrasyon n nan te lanse plizyè fwa deja : Se pou genyen yon kowòdinasyon veritab nan asistans entènasyonal la, dekwa pou twòp envestisman pa konsantre sou yon domèn, tandiske yon lòt domèn jwenn pi piti kòb oubyen pa jwenn ditou; oubyen ankò pou evite ke divès òganizasyon fè menm travay la menm kote a.

Klike sou “Koute” pou w gen plis eksplikasyon avèk Premye Minis Laurent Lamothe.
XS
SM
MD
LG