Accessibility links

Breaking News

Glisman teren nan Eta Washington, Ozetazini. Bilan Pwovizwa: 17 Moun Mouri.


Panorama jeneral yon zòn glisman-teren an frape tou prè Wout 530. Se yon foto Depatman Transpò Piblik Eta Washington nan pran tou prè vilaj Oso kote 3 moun mouri e omwen 8 lòt blese. (Foto: REUTERS/Washington State Department of Transportation/Handout via Reuters).
Panorama jeneral yon zòn glisman-teren an frape tou prè Wout 530. Se yon foto Depatman Transpò Piblik Eta Washington nan pran tou prè vilaj Oso kote 3 moun mouri e omwen 8 lòt blese. (Foto: REUTERS/Washington State Department of Transportation/Handout via Reuters).
Pandan prezidan Barck Obama tap patisipe nan yon somè sou domèn nikleyè a nan vil Lahè nan La Oland, li te pran yon ti tan pou l di 2 mo espesyal pou viktim yon trajedi ki pase nan Eta Washington, sou kòt pasifik Lèzetazini kote yon glisman teren fè anpil viktim ak gwo dega pandan wikenn pase a. Jous byen ta nan jounen madi 25 mas la, sekouris ak chèchè te kontinye dekouvri kadav. Prezidan Obama di:

“Mwen ta mande tout sitwayen ameriken pou yo voye panse yo e di priyè yo pou Eta Washington, pou kominote, fanmi ak zanmi moun ki afekte yo, san bliye sila yo ki disparèt toujou. Nou konsève gwo espwa, men nou rekonèt se yon sitiyasyon difisil.”

Anvan prezidan Obama te pale konsa, li te siyen yon lwa ki dekrete yon eta-dijans nan Eta Washington dekwa pou zòn sinistre yo kapab jwenn non sèlman asistans nan men otorite Eta a, men tou nan men gouvènman federal la.

« Mwen siyen deklarasyon eta-dijans sa a pou m kapab gen garanti ke Gouvènè Hensley genyen a la dispozisyon li tout resous li bezwen, tandiske gouvènman m nan ap rete an kontak avèk otorite yo laba a sou yon baz pèmanan. »

Nouvèl ki sòti nan Eta Washington nan kòmansman jounen mèkredi 26 mas 2014 la fè konnen glisman-teren an fè 17 mò konfime, tandiske li detrui plizyè douzèn kay.
XS
SM
MD
LG