Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Rete 4 Jou pou Fen Delè pou Aplikasyon Akò Entè-Ayisyen an.


UN-Haiti
UN-Haiti
Delè 10 jou pou aplike Akò Entè-Ayisyen an ap avanse; e kesyon ap poze pou mande eske pati konsène yo (sitou pati ki te siyen dokiman an) ap gen tan satisfè a-tan divès kondisyon ki poze pou aplikasyon sa k di nan akò a. Antou ka, jiskaprezan pa tèlman gen siyn ki montre tout eleman yo ap nan plas yo anvan fen jounen vandredi 28 mas 2014 la, ki se fen delè ki nan dokiman an pou reyalizasyon objektif sa yo:

- Fòmasyon yon gouvènman d’ouvèti;

- Chanjman nan fòmasyon CEP a (chak pouwa ki reprezante nan ensititisyon an ta dwe
chanje youn nan reprezantan yo nan CEP a). Eleksyon, ki fikse pou 26 oktòb 2014 la, pral fèt pou renouvle 2 tyè sena a, tout manm chanm depite a, epi kolektivite teritoryal yo;

- Amandman konstitisyon an sou sipèvizyon yon komisyon suivi.

Objektif sa yo koresponn ak 3 tèm prensipal patisipan yo te diskite nan Dyalòg El Rancho a: Gouvènans - Eleksyon – Konstitisyon. Dènye nouvèl yo fè konnen divès manm kominote entènasyonal la deja pote kontribisyon yo pou òganizasyon elekyon yo. Nou ka site Lèzetazini, Inyon Ewòp la avèk peyi Brezil.

Like sou “Koute” pou w gen plis detay avèk korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG