Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Akò El Rancho a Pote Kesyon ki Rete san Repons


Ann Ayiti, kèk manm chanm bas la manifeste gwo mekontantman poutèt prezidan kò a, Depite Jacques Stevenson Thimoléon, siyen Akò Entè-Ayisyen ki sanksyone Dyalòg Entè-Enstitisyonèl El Rancho a.

Depite sa yo lanse akizasyon pou di Misye Thimoléon pran dwa ak privilèj Pouvwa Lejislatif la e li remèt yo bay lòt pouvwa yo ; e se yon vyolasyon lwa sou endepandans palman an ak separasyon pouvwa yo. Pami depite ki fache kont desizyon chèf Lachanm nan, nou jwenn Mèt Danton Léger (depite sikonskripsyon Leyogàn nan) ki repwoche prezidan lachanm nan le fèt ke li pat soumèt akò a pou diskisyon nan asanble depite yo anvan li siyen dokiman an, jan lwa sou endepandans pouvwa lejislatif la mande sa a.

Yon lòt kote, Reveran Edouard Pautre, ko-dirijan Inisyativ Sosyete Sivil la e lidè CONANE (Konsèy Nasyonal Aktè Non-Etatik yo) resevwa avèk satisfaksyon siyati Akò Entè-Ayisyen an e li lanse apèl bay tout pati konsène yo pou yo pase alaksyon pou mete dokiman an ann aplikasyon, sitou kloz ki mande pou eleksyon dewoule nan dat 26 oktòb 2014 la. Li lanse avètisman pou l di, si eleksyon yo pa dewoule ane sa a, Ayiti kapab monte sou yon chemen kap debouche sou sa Misye Paultre rele « menmiz entènasyonal la sou òganizasyon eleksyon nan peyi a, jan sa te fèt an 2011 ».

Toujou sou dosye Akò sou Dyalòg Entè-Enstitisyonèl la : Gen obsèvatè ki panse aplikasyon akò sa a ap fè fas ak kèk gwo defi, sitou akoz delè 10 jou ouvrab dokiman an fikse pou responsab konsène yo satisfè kèk kondisyon kle ki nan akò a. Pami kondisyon sa yo, genyen -antwòt: 1.- Fòmasyon yon gouvènman d’ouvèti a baz elaji ; 2.- Chanjman nan fòmasyon KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a), 3.- Amandman lwa elektoral la.

Anfen, Premye Minis Laurent Lamothe ak kèk manm nan gouvèman an --tankou Minis Jistis la, Jean Renel Sanon—ki te gen avèk yo kèk reprezantan kominote entènasyonal la, patisipe nan yon seremoni kote yo bay detay sou plan daksyon gouvènman an genyen pou l jere risk ki makònen ak dezas natirèl yo. Plan an prevwa teknik ak taktik ki nesesè pou pati konsène yo (Leta, Sektè Prive a ak Lentènasyonal) aji e reflechi ansanm pou yo anpeche e limite move konsekans dezas yo.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj avèk Marie-Luce Pierre e Jean Robert Philippe.
XS
SM
MD
LG