Prezidan ayisyen an Michel Martelly ak prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, reponn prezan nan premye jounen yon dyalòg 2 jou pouvwa ekzekitif la ap fè ak palman an. Pòt pawòl prezidans la Lucien Jurat di Lavwadlamerik pou palman an va pran dispozisyon pou l vote bidjè a. An tou ka, daprè Misye Jurat, se youn nan souwè pouvwa ekzektif la.
Yon lòt kote, Konferans Episkopal Dayiti –prensipal medyatè nan negosyasyon yo ki te anonse ouvèti dyalòg enstitisyonèl la pou jedi 13 mas 2014 la – di seri rankont sa yo pral chita sou 4 pwen fondamantal. Nouvèl sa a jwenn konfimasyon nan men pòt-pawòl Konferans Episkopal la, Patrick Harris.
Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj VOA sou sa otorite yo ann Ayiti rele « Dayalòg Enstitisyonèl la » . Ou va tande opinyon pòtpawòl prezidans la, Lucien Jurat, avèk yon repòtaj korespondan nou Orpha Dessources.