Nan peyi Endonezi, lame demanti nouvèl ki di kòmkwa li ta jwenn tras yon avyon Malaysia Airlines ki disparèt depi samdi pase avèk 239 moun abò l, apre li te dekole nan ayeropò Kwalaloumpour la pou l ale nan vil Peken, nan peyi Lachin.
Nan yon deklarasyon kòmandan avyasyon militè malezyen an, Rodzali Daud, fè parèt mèkredi 12 mas la, li fè konnen li pa kapab ekate posiblite pou aparèy la ta pèdi wout li totalman pandan li tre anlè a. Sepandan li rejte nouvèl laprès bay e ki fè konprann lame rive lokalize anplasman kote avyon an ta tonbe sou Detwa Malakay la ; daprè kòmandan Daud, se yon nouvèl ki totalman fo, ki pa koresponn ditou ak laverite.
Bò kote pa l, Wayne Plucker, yon espesyalis an kesyon aviyasyon ki pale ak Lavwadlamerik, fè konnen li gen konviksyon yap fin pa jwenn aparèy la, yon boeing 777; men sa kapab pran yon ti tan. Misye Plucker di:
« Sa ka pran tan. Nou sonje avyon Air France ki te tonbe nan lanmè sou kòt Brezil an 2009 la? Sa te pran yon bon ti tan anvan pou yo te jwenn li, menmsi yo te dekouvri kèk debri aparèy la sou dlo lanmè a. »
Daprè espesyalis Plucker, Boeing 777 yo se yon tip aparèy ki genyen bon jan dosye nan domèn sekirite a. Li fini pa di pa gen anyen ki ta fè kwè yon pwoblèm sekirite kèlkonk te poze anvan avyon an te disparèt ; epi Malaysia Airlines, konpayi ki posede aparèy la, genyen yon bon jan dosye tou pou woutinn li devlope pou l fè antretyen nan flòt ayeryèn li a.