Accessibility links

Breaking News

Chanjman Politik nan Ikrèn - Reyaksyon Lèzetazini ak Lagrann Bretay


Minis Afè Etranjè Britanik la, William Hague (adwat), ap koute Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ki tap pale sou sitiyasyon nan Ikrèn nan Depatman Deta a nan Washington, madi 25 fevriye 2014 la.
Minis Afè Etranjè Britanik la, William Hague (adwat), ap koute Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ki tap pale sou sitiyasyon nan Ikrèn nan Depatman Deta a nan Washington, madi 25 fevriye 2014 la.
Nouvèl k sòti nan vil Kyèv, kapital Ikrèn, fè konnen nouvo gouvènman pwo-oksidantal ki fèk monte sou pouvwa a, kraze fòs polis la ki anba akizasyon deske li te sèvi ak fòs motèl pou l elimine manifestan ki te pran lari nan yon mouvman pwotestasyon ki te fin pa ranvèse rejim Larisi tap apiye a. Nan yon deklarasyon minis defans pwovizwa a, Arsen Avakov, fè parèt sou kont Facebook li, li di nouvo lidè yo pran yon dekrè ki elimine fòs polis la, paske manm li yo te ouvè koutzam epi bat moun ki tap patisipe nan manifestasyon yo -kèk nan manifestan sa yo te menm pèdi lavi yo.

Pandansetan, kesyon ap poze pou mande èske pa gen posiblite pou Ikrèn –yon peyi ki genyen 46 milyon moun- pa vin divize an 2 pati: yon pati pwo-oksidantal, yon pati ki panche sou Larisi. Madi 25 fevriye a, kèk nan pi gwo diplomat ameriken ak britanik te prese rejte posiblite sa a. Se konsa, aprè chèf diplomasi La Grand Bretay la, William Hague, te fin fè yon rankont avèk Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, li di Washington ak Lond espere Ikrèn pral kapab mete sou pye yon gouvènman inite nasyonal ki genyen plas pou tout moun bò tab la. Men, pi gwo diplomat britanik la ensiste sou le fèt ke objektif prensipal la, se pou Ikrèn rete yon peyi lib e demokratik menmsi li gen dwa gen rapò ak nenpòt ki lòt nasyon. Misye Hague deklare :

« Li trè zenpòtan pou IKrèn kapab travay etwatman ak peyi ewopeyen yo e ak Inyon Ewòp la nan kad yon kowoperasyon ekonomik ki dyanm. An menm tou e natirèlman, li dwe kapab kowopere ak Larisi nan divès domèn. Konsa, Sekretè Deta Kerry avèk mwen menm, nou tou lè 2 pale ak kòlèg ris nou an, Sergei Lavroff, nan jou ki pase yo, e nou pal kontinye kenbe kontak la ak Larisi. »
XS
SM
MD
LG