Nan vil Kyèv, kapital Ikrèn, palman an ranvwaye pou jous jedi 27 fevriye 2014 la fòmasyon yon nouvo gouvènman inite nasyonal aprè ranvèsman rejim Prezidan Viktor Yanukovych-la. Prezidan palman an, Oleksander Turchynov –ki se an menm tan nouvo prezidan pwovizwa peyi a-- fè anons la madi, swa jou kote pouvwa lejistalif la te gen pou l pibliye lis non moun kap fòme kabinè ministeryèl la. Daprè nouvèl la, objektif desizyon sa a se pèmèt nouvo otorite yo fè plis konsiltasyon sou dosye a.
Pandansetan, reyaksyon kontinye tonbe sou evolisyon sitiyasyon nan Ikrèn: Peyi oksidantal yo ap mete ansanm pou yo prepare kèk plan dèd ekonomik global pou yo ede Ikrèn fè fas ak kriz politik e ekonomik lap travèse a. Yap fè preparasyon sa yo aprè Larisi te anonse li sispann yon prè-lajan 15 milya dola li tap mete a la dispozisyon Ikrèn –desizyon Moskou pran aprè ranvèsman rejim Yanukovych la.
Pou sa ki konsène Lézetazini –youn nan peyi kap patisipe nan preparasyon plan asistans ekonomik global la-- pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney fè konnen Washington ap travay nan sans sa a ak patnè entènasyonal li yo, e objektif la se estabilizasyon peyi Ikrèn. Misye Carney di:
« Apui nap pote a kapab konplete yon pwogram Fon Monetè Entènasyonal, paske li kapab pèmèt refòm yo fèt pi fasilman epi plase peyi a nan yon pozisyon kote lap kapab envesti plis nan domèn sante ak edikasyon. Sa pral pèmèt Ikrèn devlope kapital imen li epi ranfòse pwoteksyon jeneral Leta bay sosyete a. Alòs, nou pral travay ak asosye entènasyonal nou yo pou nou kore pwogram Fon Monetè Entènasyonal la. »
Yon lòt kote, chèf diplomasi Inyon Ewòp la, Catherine Ashton, te fè deplasman lendi nan vil Kyèv kote li abòde ak nouvo lidè ikrenyen yo mwayen ki nesesè pou relanse ekonomi peyi a ki tonbe an degraba. Inyon an lanse apèl pou l mande fòmasyon yon nouvo gouvènman ki gen plas pou tout moun, epi pou eleksyon demokratik dewoule anvan lontan.