Accessibility links

Breaking News

Fen Jezolenpik Divè yo nan Sochi, Larisi.


Fedatifis eksploze sou Stad Olenpik la nan seremoni ki tap mete fen nan Je Zolenpik Divè yo, Dimanch 23 fevriye 2014 la, nan Sochi, Larisi.
Fedatifis eksploze sou Stad Olenpik la nan seremoni ki tap mete fen nan Je Zolenpik Divè yo, Dimanch 23 fevriye 2014 la, nan Sochi, Larisi.
Se yon gwo seremoni, chaje limyè tout koulè, divès defile ak mizik, ki mete fen nan jezolenpik divè ane 2014 la nan vil Sochi, nan Larisi.

Nan Stad olenpik kote seremoni an dewoule a, tout bagay pase san pwoblèm, menmsi o kòmansman komite òganizatè a ak atlèt patisipan yo te gen kè-sote pou zak teworis pat vin gate gwo fèt sa a ki koute yon afè de 51 milya dola; kidonk, se jezolenpik ki koute pi chè nan tout istwa olenpyad modèn yo.

Kèk èdtan anvan seremoni an te menm kòmanse, prezidan Komite Entènasyonal Olenpik la, Thomas Bach, te fè konpliman pou peyi òganizatè a, Larisi. Misye Bach di :

«Tankou nou konnen, nou te isit la an 1994. Nou te wè yon vil tou ansyen, yon swadizan vil-sanatoryòm ki te raple nou jan sistèm nan te ye sou Stalin. Chak fwa ou te antre nan yon chanm, ou te leve tèt ou anlè pou wè si yon bagay pa ta pral tonbe sou ou. Sete yon sitiyasyon tèrib. Men 20 tan aprè, sa nou konstate isit la, se yon bagay vrèman etonan. »

Nan fen Jezolenpik Sochi yo, tablo meday yo prezante konsa; Larisi (peyi òganizatè a) vini an tèt pou total jeneral meday li ranpòte yo, swa 33. Lèzetazini vini an 2èm pozisyon avèk yon total 28 meday ; ansuit nou jwenn La Nòvèj avèk 26 an tou. Pou kantite meday dò yo, premye peyi a se toujou Larisi (13) ; ansuit Nòvèj (11) epi an 3èm pozisyon nou jwenn Kanada avèk 10 meday dò.
XS
SM
MD
LG