Pandan yon vizit 48 tè ansyen prezidan Lèzetazini Bill Clinton fè ann Ayiti (lendi 17 ak madi 18 fevriye 2014 la), li fè yon toune nan diferan pwojè ki jwenn finansman nan men Fondasyon Clinton nan.
Nan yon konferans pou laprès ansyen lidè ameriken an bay anvan li kite Pòtoprens pou l retounen Ozetazini, li pwomèt pou fondasyon Clinton nan ede Ayiti relanse pwodiksyon kafe li. Misye Clinton pwofite konferans sa a pou li raple bèl epòk pwodiksyon kafe ayisyen an « ki te 10 fwa pi enpòtan pase sa li ye jounen jodiya. »
Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj avèk Marie-Luce Pierre e Jean Robert Philippe.