Accessibility links

Breaking News

Dyalòg Politik Entè-Ayisyen – Dènye Nouvèl yo.


Ann Ayiti, delege politik ki patisipe pandan 2 jou nan yon dyalòg dirèk ak pouvwa egzekitif la ki te gen nan tèt li Prezidan Michel Martelly, ap pare pou yo siyen yon akò konsansis nan jounen vandredi 14 fevriye 2014 la.

Youn nan antant patisipan yo jwenn yo, mande pou sektè ki te voye reprezantan yo nan Konsèy Elektoral la chanje yon sèl nan manm sa yo –e pa plis ke yon sèl. Sou pwen sa a ak lòt ankò, Kadinal Chibly Langlois ki sèvi kòm medyatè nan negosyasyon yo, bay detay ki jete limyè sou evolisyon dyalòg la ki dewoule an 2 faz e pandan plis pase 2 semèn. 3 tèm prensipal yo sete : Bòn Gouvènans, Eleksyon, Konstitisyon.

Delege yo dispoze siyen akò final la menm si dirijan 3 pati politik (Fizyon Sosyo-Demokrat yo, Fanmi Lavalas, ak Kontra Pèp la) deside kite dyalòg la. Pòtpawòl 2 premye pati yo, respektivman ansyen Senatè Edmonde Supplice Beauzile ak Doktè Maryse Narcisse, bay detay sou rezondèt desizyon pati disidan yo.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj avèk tout dènye nouvèl yo sou dyalòg politik entè-ayisyen an.
XS
SM
MD
LG