Accessibility links

Evalyasyon Dyalòg Entè-Ayisyen an. Opinyon Diferan sou Evolisyon Deba yo Jiskaprezan.

  • J. Lyonel Desmarattes

Medyatè dyalòg entè-ayisyen kap dewoule nan Otèl El Rancho depi plis pase 2 semèn deja, Kadinal deziye Chibly Langlois, prezante yon evalyasyon sou evolisyon rankont yo, espesyalman sou kòmansman 2èm faz dyalòg la, nan jounen madi 11 fevriye 2014 la, kote pouvwa egzekitif la, avèk Prezidan Michel Martelly an premye ran, tande pozisyon patisipan yo. Kadinal Langlois mete aksan sou diferan pwen ki te sèvi kòm sou-tèm diskisyon nan rankont madi a, kote pati yo te santre atansyon yo sou bòn gouvènans, youn nan gran tèm dyalòg la :

- Aksyon ak konpòtman gouvènman an ;
- Separasyon 3 pouvwa Leta yo ;
- Relasyon ant 3 pouvwa Leta yo ;
- Endepandans pouvwa jidisyè a ;
- Respè rezilta eleksyon yo ;
- Desantralizasyon;
- Souverènte nasyonal.

Prezidan Martelly bay opinyon pa l tou sou rankont yo ki, daprè li, prale nan yon direksyon ki rankontre objektif administrasyon n nan, sètadi se yon vrè dyalòg nasyonal kap dewoule avèk patisipasyon tout moun. Lidè ayisyen an raple administrasyon n nan ap pwone yon dyalòg konsa depi li te monte sou pouvwa sa gen plis pase 2 zan.

Prezidan Sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra, di sa l panse tou de evolisyon dyalòg la jiskaprezan. Misye Desra, ki gen yon opinyon diferan ak pozisyon Prezidan Martelly a, di li regrèt majorite patisipan yo sòti nan pati politik oubyen sektè ki apiye rejim an plas la ; alòs, daprè li, yo pa gen endepandans ki nesesè pou yo poze pwoblèm Ayiti ap konfwonte yo san papipri. Se konsa tou, prezidan Sena a lanse yon menas kote li di reprezantan palman an kapab kite deba yo si pouvwa egzekitif la pa pibliye, nan yon delè rezonab, lis non nouvo manm Kou Siperyè dè Kont la.

Anfen, reprezantan pèsonèl Sekretè Jeneral Nasyon Zini an ann Ayiti, Sandra Honoré –ki se chèf sivil misyon mentyen lapè a, MINUSTAH- di li byen akeyi dewoulman dyalòg sa a ki mete Ayisyen fas-a-fas ak Ayisyen parèy yo, ki reyini pou poze pwoblèm peyi yo ap konfwonte epi chache solisyon yo nan tèt-ansanm. Madam Honoré di li espere dyalòg la va debouche sou rezilta ki pote amelyorasyon nan lavi a ann Ayiti sou divès plan : politik, sosyal ak ekonomik.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj sou « dyalòg entè-ayisyen an» avèk Marie-Luce Pierre, Jean Robert Philippe epi korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild François, Jr.
XS
SM
MD
LG