Accessibility links

20 Janvye 2014 la, Konje Ozetazini.- Se Jou Reveran Martin Luther King, Jr.

  • Jacquelin Bélizaire

Eritaj Martin Luther King nan : Ann Kontinye Avanse
Ameriken toupatou Ozetazini sispann travay pandan tout jounen lendi 20 janvye 2014 la pou yo obsève yon jou konje ki make anivèsè nesans lidè mouvman dwa sivik ameriken an, Martin Luther King, Jr..

Otorite ameriken yo te dekrete jou ferye sa a nan ane 1983 sou Prezidan Ronald Reagan ki te siyen yon lwa ki dekrete 3èm lendi mwa janvye a kòm yon jou Lèzetazini mete a-pa pou li onore Misye King . Doktè King te pran nesans nan dat 15 Janvye 1929 nan vil Atlanta, nan eta Georgia. Nan ane 1994 Kongrè ameriken an, li-menm, te deziye jou ferye sa a kòm yon jou nasyonal sèvis; objektif la sete ankouraje ameriken yo pou yo patisipe nan sèvis kominotè ak travay charite.

Moun tou patou Ozetazini e nan lemond antye ta pral konnen Martin Luther King Junior an 1955 lè li te pran tèt yon mouvman boykòt reyisi kont endistri otobis piblik la nan vil Montgomery, nan Eta Alabama, akoz tradisyon segregasyon kit e an pratik kont pasaje nwa yo.

Reveran King te menm tounen pèsonaj piblik nimewo 1 mouvman dwa sivik la nan ane 50-60 yo kote misye te tounen yon sous denspirasyon pou plizyè milyon moun gras ak yon diskou selèb li rele “ I have a Dream “ (Mwen gen yon Rèv”); li te pwononse diskou sa a an 1963 devan mozole Prezidan Abraham Lincoln nan, nan vil Washington.

An 1964, Reveran Martin Luter King te resevwa Pri Nobel Lapè a; nan menm ane a Prezidan Lyndon Johnson ta pral siyen yon lwa istorik pou l mete fen nan segregasyon nan lye piblik yo (tankou restoran ak otèl) epi entèdi diskriminasyon ki baze sou ras, koulè po, relijyon, sèks ( sa vle di, si w se gason ou fi) ak orijin nasyonal.

Mesye King te mouri asasinen nan dat 4 Avril 1968 nan vil Memphis, nan Eta Tennessee, kote li t al apiye yon ekip travayè vwari piblik ki tap fè grèv pou yo reklame egalite nan lajan anplwaye yo tap touche.
XS
SM
MD
LG