Accessibility links

Breaking News

Previzyon Ankourajan pou Ekonomi Mondyal la an 2014.


Daprè yon etid tou nèf Bank Mondyal pibliye, ekonomi mondyal la kòmanse reprann kap li. Sepandan, kontrèman a jan sa te fèt nan ane ki fèk pase yo, etid la di kwasans espesyalis li yo prevwa pou ane 2014 la kapab repoze plis sou pwogrè kap fèt nan ekonomi gwo peyi yo, sitou Lèzetazini. An tou ka, se opinyon Andrew Burns, prensipal otè etid la ki parèt sou tit “Previzyon Global Bank Mondyal pou Ekonomi Mondyal la”. Misye Burns di :

« Pou la premyè fwa nan 5 kan, se peyi ki gen gwo ekonomi yo, kote moun ap touche gwo kòb yo, ki nan tèt relans ekonomik la. Peyi sa yo pral pote nan ekonomi mondyal la yon kontribisyon yo pat janm pote anvan –an tou ka, se yon bagay moun pat wè depi kèk tan. E se pral yon bon bagay pou peyi ki sou wout devlopman yo. »

Etid Bank mondyal la prevwa ekonomi amerikèn nan pral anrejistre yon kwasans kap sòti nan 1 vigil 8 pou san ane pase a pou l rive nan anviwon 2 vigil 8 pou san nan ane 2014 la. Prensipal ekonomis bank la, Kaushik Basu, di li prevwa menm pwogrè a pou ekonomi ewopeyèn nan ki te sòti nan yon resesyon ane pase a sèlman.
XS
SM
MD
LG