Prezidan ayisyen an, Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe, ki pran lapawòl devan 2 chanm palman an reyini an asanble nasyonal nan dat 13 janvye 2014 la, detaye pwogram gouvènman ayisyen an pou ane tou nèf la nan okazyon ouvèti sesyon òdinè palman an.
Prezidan Martelly atire atansyon palmantè yo an patikilye ak pèp ayisyen an an jeneral sou enpòtans ane 2014 la sou plan elektoral la. Dayè, lidè ayisyen an di li ajoute yon lòt “E” sou pwogram gouvènmantal la pou 12 mwa kap vini la yo : Se « E » pou Eleksyon, an plis Education, Environnement, Emploi, Energie, ak Etat de Droit.
Bò kote pa l, si Premye Minis Lamothe rekonèt, tankou Misye Martelly, peyi a genyen anpil defi devan l toujou, li di sitiyasyon an pa osi grav ke anpil moun panse l la. Chèf gouvènman an pase an revi reyalizasyon administrasyon n nan e li pran angajman pou l kontinye travay pou l satisfè bezwen pèp la.
Pandan lidè pouvwa lejislatif la tap prepare yo pou yo resevwa chèf deta ak chèf gouvènman an, manm yon gwoup militan ki rele FOPARK (Fòs Patriyòtik pou Aplikasyon ak Respè Konstitisyon an) te òganize yon mouvman pwotestasyon devan palman an pou yo denonse sa yo konsidere kòm « move jesyon gouvènman Martelly-Lamothe la » ; e 2 lidè gwoup la, Buron Odigé ak Rhony Timothé, pale ak laprès pou yo eksplike rezondèt manifestasyon an.
Klike sou « koute » pou w tande yon repòtaj konplè sou entèvansyon Prezidan Martelly ak Premye Minis Lamothe devan palman an ak reyaksyon mesaj yo pwovoke, san bliye reyaksyon prezidan asanble nasyonal la, Senatè Simon Dieuseul Desra ki ensiste sou wòl dyalòg dwe jwe nan efò pou rezoud kriz peyi d Ayiti ap konfwonte a. Nou va tande tou opinyon youn nan depite Plato Santral yo, Abel Descollines, sou mesaj 2 lidè ayisyen yo e sou reyaksyon Misye Desra a, epi pozisyon lidè gwoup militan FOPARK sou aksyon gouvènman Martelly-Lamothe la.