Accessibility links

Breaking News

Premye Kadinal Ayisyen an se Aktyèl Evèk Okay la, Chibly Langlois.


Pope François ap salye fidèl yo pandan li tap vizite Legliz Sent Alfonso Maria dei Liguori, tou pre vil Wòm (Foto: 6 jan. 2014).
Pope François ap salye fidèl yo pandan li tap vizite Legliz Sent Alfonso Maria dei Liguori, tou pre vil Wòm (Foto: 6 jan. 2014).
Pap Fanswa fè premye seri monimasyon kadinal li. Se yon gwoup pwòch kolaboratè ki pral la pou ba Souvren Pontif la konsèy sou fason pou l dirije plis pase yon milya fidèl katolik ki egziste nan lemond.

Plizyè milye katolik women te reyini sou plas Sen Pyè a, dimanch 12 janvye 2014 la, pou yo salye Sen Pè a nan moman li te parèt nan fènèt palè apostolik la pou l te anonse chwa li kòm nouvo kadinal Legliz la. Pap la di:

« Mwen pral nonmen 16 nouvo kadinal ki sòti nan 12 peyi diferan e nan chakenn nan 5 pati di mond yo. Yo reprezante ralasyon eklezyal pwofon ki egziste ant Legliz Wòm nan avèk lòt legliz ki gaye tou patou atravè lemond. »

16 kadinal pap la anonse yo, genyen mwens pase 80 zan; sa ki fè yo elijib pou yo fè pati konklav ki kapab eli yon nouvo pap. Chèf Legliz katolik womèn nan nonmen tou 3 nouvo pap ki genyen plis pase 80 zan e ki pral okipe pòs onorifik. Pami 16 premye yo, genyen evèk ayisyen Chibly Longlois.

Klike sou « Koute » pou plis detay ak reyaksyon sou nominasyon Evèk Langlois kòm kadinal avèk korespondan nou nan vil Okay, Jean Ernst Eliscar, epi korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Jr.
XS
SM
MD
LG