Vil Miami, nan Eta Florid, ap make Mwa Eritaj Kiltirèl Ayisyen an avèk selebrasyon k ap dewoule pandan tout mwa me 2012 la.
Otorite yo nan Awondisman Miami-Dade la mete ansanm ak lidè kominote ayisyen yo nan pati sid Eta a pou yo bay aktivite yo tout enpòtans yo merite.
Kolaboratè nou Serge Michel pale de youn nan plizyè aktivite òganizatè yo mete sou pye nan okazyon sa a : yon konkou pou elèv lekòl konsènan istwa peyi d Ayiti.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute repòtaj Serge Michel la.