Accessibility links

Breaking News

Vizit Sipriz Prezidan Barack Obama nan Afganistan


Prezidan ameriken an, Barack Obama, make premye anivèsè lanmò lidè al-Kayda a, Osama Bin Laden, avèk yon vizit sipriz tou kout nan peyi Afganistan kote li siyen yon akò estratejik avèk Prezidan Hamid Karzai nan Kaboul. Misye Obama te tou pwofite fè yon diskou kote Ii mete yon mesaj devan pèp ameriken an.

Nan mesaj sa a, lidè ameriken an di, antwòt, lagè a preske rive nan bout li. Misye Obama deklare:

“Mwen rekonèt anpil ameriken fatige ak lagè. An tan ke prezidan, pa gen anyen ki pi di pou mwen pase siyen yon lèt pou m fè yon papa, yon manman konnen genyen yon manm fanmi an ki mouri, oubyen gade nan je yon timoun ki pral grandi san yon papa, san yon manman. Mwen pa pral kenbe yon ameriken sou chandbatay yon sèl jou an plis tan ki nesesè pou sekirite nasyonal nou. Sepandan, nou dwe mete fen nan travay nou te kòmanse nan Afganistan an epi mete fen nan lagè a yon fason ki responsab.”

Mesaj Prezidan Obama a te pase nan televizyon atravè tout Lèzetazini pandan li te twouve l byen lwen, pa lòt bò planèt la. Li fè konnen Lèzetazini pase plis pase 10 zan anba lonbraj fè nwa lagè.

Sepandan, li kontinye pou l di : “Jounen Jodi a, nou kapab wè limyè yon jounen tou nèf kap pwente alorizon”.
XS
SM
MD
LG