Accessibility links

Breaking News

Bato Boat People Chavire Tou Prè Zile Turks and Caicos: Gad Kòt Ranmase 17 Kadav


Otorite yo nan zile Turk and Caicos ap rekòmanse rechèch yo nan jounen jedi 26 desanm 2013 la apre 17 moun pèdi lavi yo nan aksidan yon bato ki chavire tou pre zile a mèkredi. Nouvèl yo fè konnen pi fò pasaje yo sete sitwayen ayisyen. Daprè dènye enfòmasyon yo, Gad Kòt rive sove kèk nan pasaje yo oubyen genyen pami yo ki naje rive atè.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Clarens Renois kap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou aksidan an ak lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG