Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Divizyon nan Palman an Konsènan Elijibilite Ajan Egzekitif Enterimè yo


Ann Ayiti, genyen gwo mezantant nan mitan Depite yo konsènan yon atik nan lwa elektoral la ki anpeche ajan ekzekitif enterimè yo patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Daprè kèk palmantè, konpòtman majorite ajan sa yo --ki pa kache rapwochman yo, e menm atachman yo ak pouvwa an pas la-- fè yo pa merite konfyans popilasyon yo tap genyen pou sèvi a.

Daprè yon lòt gwoup depite, ajan egzekitif enterimè yo pa komèt okenn vyolasyon lalwa; e tout lwa ki ta anpeche yo egzèse dwa sivil e politik yo, se yon lwa enkonstitisyonèl.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon korespondans Rotchild Francois Junior avèk reyaksyon 2 depite depi Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG