Accessibility links

Breaking News

Estaj Enfòmasyon Entansif Pou Yon Gwoup Jounalis Ayisyen


10 jounalis radio ak televizyon peyi Dayiti tanmen depi lendi 23 avril yon vizit fòmasyon sou mwayen kominikasyon modèn Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la mete sou pye ansanm ak anbasad amerikèn-nan nan Pòtoprens, Ayiti.

Ronald César, chèf Sèvis Kreyòl la, ki dèyè inisyativ sa-a, te swete yo Byenvini pandan yon seremoni nan katye-jeneral òganizasyon plurimedia a nan kapital federal la, Washington DC.

Plizyè gwo responsab Lavwadlamerik, VOA, te prezan pou manifeste sipò yo anfavè pwogram nan. Pami-yo, misye Steve Reddish, nimewo 2 Lavwadlamerik; misye John Lenon, direktè estrateji ak madam Rebecca McMenamen, direktris pwogramasyon.

Plizyè diplomat ameriken te fè deplasman an pou okazyon an; pami-yo, Laura Fyef, sipèvizè Foreign Service Institute nan Depatman Deta, kote yo fòme diplomat ki pral travay nan peyi etranje; Katrina Reichwein, pwochen vis-konsil Etazini ann Ayiti; Aaron Jackson, ataché politik anbasad amerikèn nan ann Ayiti, Skye Justice, atache ekonomik e komèsyal bò kote misyon diplomatik amerikèn nan Pòtoprens).

2 diplomat ayisyen te onore konpatriyòt ak prezans yo nan rankont la: Misye Paul Altidor, nouvo anbasadè Ayiti nan kapital federal amerikèn nan, Washington, DC, ki te genyen avèk li minis konseye, Ralph Latortue. Misye Latortue se anbasadè deziye Ayiti tou nan Japon.

Premye jounen travay jounalis yo nan staj fòmasyon sa a, te santre sou kòd deontolojik Lavwadlamerik, teknik entèvyou, kijan pou w ekri tèks yon bon repòtaj, kijan pou w ekilibre yon repòtaj ak diferans ant jounalis radyo ak jounalis televizyon.

Nan fen jounen madi 24 avril la, jounalis yo t al fè yon vizit gide nan tribin laprès Kongrè Etazini an nan Washington.

Jounalis kap patisipe nan estaj la, se : Anne Marguerite Auguste, Télévision Nationale d’Haiti, Pòtoprens.

Inio Transtamar, Télévision Capoise, Cap-Haitien

Guedline Calixte, Radio RFM, Pòtoprens

Jacques Adler Jean-Pierre, Radio Caraibes FM, Pòtoprens

Joanne Prudent, jounalis Radio Planète Vibration, Petit-Goâve

Lesly Jean, jounalis Radio Peyizan Papaye, Hinche

Jean Joseph Rémy, korespondan Radio Ibo nan Mirebalais

Maxo Baille, Radio Nationale, Pòtoprens

Jean Max Cajuste, Radio Max, Saint-Marc
Fritzner Philogène, Radio Tele Express, Jacmel


Fòmasyon sa a ap bout samdi 28 avril 2012 la.
XS
SM
MD
LG