Accessibility links

Breaking News

Tansyon ant Soudan ak Soudan Sid


Prezidan Soudan Sid la, Salva Kiir, rakousi yon vwayaj li t ap fè nan peyi la Chinn alòske gen batay k ap dewoule sou fwontyè peyi li pataje avèk Soudan , sa ki ogmante menas yon lagè.

Prezidan Kongrè nasyonal popilè la Chinn nan di se regretan msye Kiir oblije anile yon vwayaj li te gen pou l fè Shanghai akoz sa li rele pwoblèm domestik. Msye Kiir gen pou l rete nan peyi la Chinn jiska samdi, men li pako klè ki lè li pral pati.

Madi 24 avril la, lidè Soudan Sid la te fè chita-tande avèk prezidan chinwa a, Hu Jintao e li di Soudan deklare lagè kont peyi li.

La Chin ankouraje tou 2 pati yo pou rezoud kesyon yo nan lapè e li ajoute l ap voye yon anvwaye nan rejyon an pou –l fè pwomosyon pou lapè.
XS
SM
MD
LG