Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kolonbi: Pwogrè nan Lit Kont Trafik Dwòg la


Minis defans ameriken an, Leon Panetta, fè konnen Kolonbi -yon peyi kote trafik dwòg te domine aktyalite a sa pa gen lontan- ap tounen yon lidè nan efò k ap fèt pou desitire aktivite konsa nan Amerik Latin nan.

Misye Panetta pale konsa pandan li te nan Bogota, kapital Kolonbi, kote li kòmanse yon toune k ap dire yon semèn nan Amerik di Sid –toune ki gen pou mennen li tou nan peyi Brezil ak Chili.

Chèf Pentagòn nan rankontre ak prezidan kolonbyen an, Juan Carlos Santos, aprè li te vizite yon baz militè kote li asiste yon gwo demonstrasyon fòs Zame Kolonbyèn nan prezante.

Pandan 2 zou 3 ane ki pase yo, lame kolonbyèn nan reyalize gwo pwogrè nan lit kont gwoup guerilla ki rele FARC la (Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi a) e kont trafikan dwòg ki responsab move zak tankou eksplozyon bonm ak asasina.
XS
SM
MD
LG