Sena ameriken an apwouve yon bidjè depans global ki depase 640 milya dola pou Depatman Defans la; ladan n genyen 81 milya pou operasyon aletranje, san bliye Afganistan.
Ak yon vòt 84 pou e 15 kont, sena a pase yon lejislasyon, byen ta jedi 19 desanm nan, pou l apouve bidjè a aprè chanm depite a te vote nan menm sans la semèn pase a. Si prezidan Barack Obama siyen lejislasyon an pou fè l tounen yon lwa, sa pral mete a la dispozisyon Pentagòn nan --kidonk Depatman Defans ameriken an-- yon bidjè depans 552 milya dola epi 81 milya dola pou operasyon aletranje; pami operasyon sa yo genyen aktivite lame Lèzetazini an nan peyi Afganistan.
Daprè dispozisyon ki nan lejislasyon an, manm fòs zame Lèzetazini yo pral jwenn yon ogmantasyon « un pour cent », epi lap ofri kèk pwoteksyon tou nèf pou moun ki viktim atak seksyèl pandan yap sèvi nan lame a. Menm dokiman an ofri kèk fleksibilite lè otorite yo ap pran desizyon sou sa yo dwe fè ak moun yo sispèk kòm teworis e ki fèmen sou baz Guantanamo a, menmsi lejislasyon an pa ale lwen ase pou l satisfè objektif Prezidan Barack Obama te genyen pou l fèmen baz la nèt.
Pami dispozisyon nan dokiman an ki prevwa pinisyon pou atak seksyèl, genyen enposiblite pou kòmandan militè yo chache kase yon kondanasyon yon jiri deside kont yo; e yon komisyon jiridik sivil pral genyen pou pase afè a an revi si yon kòmandan vle ale ann apèl ak yon desizyon.
Anfen, lejislasyon an elimine kesyon tan-limit lajistis te genyen pou l jije yon moun ki anba akizasyon deske li komèt kadejak oubyen tantativ kadejak. Se konsa tou, dokiman an prevwa yon pèn pou nenpòt ki moun ki chache kraponnen oubyen pran revanj sou yon viktim ki rapòte bay otorite yo yon ka atak seksyèl.