Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Palman : Mank Kowòm Anpeche Dewoulman yon Reyinyon ann Asanble Nasyonal


Ann Ayiti, majorite manm palman an pat reponn prezans, jedi 19 desanm 2013 la, nan yon seyans ann asanbe nasyonal pou ratifye 2 akò entènasyonal.

Prezidan Sena a, Simon Deuseul Desra, blame manm tou lè 2 chanm yo pou pratik absanteyis sa a, alòske yo gen kòm devwa pou yo defann koz repiblik la ak pèp la ; e pou yo fè sa, yo dwe patisipe regilyèman nan seyans yo.

Misye Simon Desra, ki abòde dosye a ak laprès nan menm jounen jedi a, fè konnen seyans la ta pral fè pati aktivite kapmete fen nan ane palmantè a, e nan asanbale nasyonal la depite yo ak senatè yo ta pral gen pou ratifye oubyen rejte 2 pwotokòl sou pwoteksyon timoun yo.

Klike sou « Koute » pou w tande yon korespondans Rotchild François Junior depi Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG