Nan Washington, Depatman Deta deklare Lèzetazini gen kè-sote devan konsekans posib yon desizyon tribinal konstitisyonèl Repibik Dominikèn nan pran, kapab genyen pou plizyè moun ki te pran nesans sou tèritwa panyòl la.
Daprè desizyon an, tout moun ki te fèt sou tè dominiken an aprè ane 1929, pa ka genyen nasyonalite dominikèn si papa ak manman yo tap viv ilegalman nan peyi a, oubyen yo te an tranzit laba a. Majorite moun sa yo se pitit oubyen pitit-pitit Ayisyen.
Sou menm dosye sa a, pòtpawòl primati a, Mèt Kedler Augustin ki pale ak Lavwadlamerik nan kòmansman semèn nan, anonse yon rankont ant ofisyèl Repiblik Dayiti ak reprezantan Repiblik dominikèn pou dat 7 janvye 2014 ann Ayiti –pi presizeman nan vil Wanament- avèk objektif pou yo jwenn yon solisyon pou diferan pwoblèm ki egziste ant 2 peyi yo. Anons sa a jwenn konfimasyon nan men Minis Afè Etranjè ayisyen an, Pierre Richard Casimir.
Klike sou « Koute » pou plis detay sou reyaksyon Depatman Deta sou desizyon tribinal konstitisyonèl dominiken an, avèk Ronald Cesar .