Accessibility links

Breaking News

Etazini/Fiskalite : Kongrè a Apwouve yon Nouvo Bidjè pou 2 Zan


Prezidan Komisyon Afè Bidjetè Sena a, Patty Murray (D-Wash.) ki te travay anpil ak kòlèg li nan pati repiblike an, Depite Paul Ryan (R-Wis.), Prezidan Komisyon Afè Bidjetè Chanm dè Reprezantan an.
Prezidan Komisyon Afè Bidjetè Sena a, Patty Murray (D-Wash.) ki te travay anpil ak kòlèg li nan pati repiblike an, Depite Paul Ryan (R-Wis.), Prezidan Komisyon Afè Bidjetè Chanm dè Reprezantan an.
Sena ameriken an apwouve, avèk 64 vwa pou e 36 kont, yon bidjè nasyonal kap sèvi pandan 2 zan; sa mete fen nan koupi otomatik ki tap fèt nan depans yo e evite yon lòt fèmti gouvènman an. Se manm tou lè 2 pati politik yo ki mete ansanm pou fè lejislasyon an pase –yon bagay ki ra anpil nan yon Kongrè kote le pli souvan Demokrat ak Repibliken pa pran menm pozisyon sou gran dosye nasyonal yo.

Vrèman vre, nouvo bidjè sa a mete yon kanpo pwovizwaman nan yon seri de gè fiskal ki tap dewoule nan Washington –gè fiskal ki te lakoz gouvènman federal la fèmen pandan 16 jou nan mwa doktòb pase a. Senatè Demokrat Richard Durbin montre li kontan onn pe pli poutèt reyalizasyon sa a. Misye Durbin, ki tap reyaji aprè vòt la, deklare:

« Ala yon bèl devlopman ki fèt nan vil sa a kote nou menm, palmantè, nou pase lontan nap fè zewo …. nou pase lontan san nou pa remèt anyen nan gad la. »

Pwopozisyon-lwa sou nouvo bidjè sa a te pase ak yon gwo kokenn majorite semèn pase a nan Chanm dè Reprezantan an. Sa montre Kongrè a kapab opere nòmalman e kòrèkteman, daprè yon senatè endepandan, Angus King ki di:

“An fèt, nou kapab fè dyalòg antre nou. An fèt, nou kapab aksepte fè konpwomi. An fèt, nou menm, isit la, nou kapab fè aranjman fiskal e finansye ki fè sans, ki rasyonèl e ki byen plase priyorite yo. Wi, nou kapab fè travay nou kòmsadwa.”

Se manm Komisyon Afè Bidjètè tou lè 2 chanm yo (Sena a ki anba kontwòl Demokrat yo, epi Chanm Depite a ki anba kontwòl Republiken yo) ki te mete ansanm pou yo prepare lejislasyon an. Dokiman an vin diminye sou soustraksyon otomatik ki tap fèt sou bidjè ajans federal yo (tankou depatman ministeryèl yo ak lòt biwo piblik otonòm yo) epi li prevwa prelèvman plis taks pou redui defisi nasyonal la. Malgre sete yon travay kolèktif, Senatè Repibliken Tom Coburn jwenn mwayen di li pa fin satisfè nèt. Misye Coburn deklare:

“Se yon konpwomi pou n politisyen plezi…. Se pa yon konpwomi pou pèp ameriken an. Paske, kisa sa pral ban nou an reyalite? Se gwo ogmantasyon nan depans yo … Se gwo ogmantasyon nan taks yo.”

Malgre nouvo bidjè sa a se rezilta yon travay palmantè 2 pati yo fè nan tèt-ansanm, konfwontasyon sou dosye fiskal la byen kapab rekòmanse nan Kongrè a apatide mwa fevriye 2014 la lè, yon fwa ankò, tan limit gouvènman federal la genyen pou l prete lajan va rive nan bout li.
XS
SM
MD
LG