Accessibility links

Breaking News

Konsila Ameriken Chanje Fason Moun Ka Aplike pou Viza Touris


Touris poze pou foto devan Estati Libète a nan pò New York la, nan Eta New York.
Touris poze pou foto devan Estati Libète a nan pò New York la, nan Eta New York.
Ann Ayiti, konsila ameriken an nan Pòtoprens chanje fason moun ki ta renmen vizite Lèzetazini kòm touris, kapab aplike pou yon viza. Daprè chanjman yo, pa egzanp, yon kandida pou vizit dwe prezante nan jou randevou li avèk resi li te resevwa nan SogeBank lè li t al aplike pou randevou a.

Responsab yo pran desizyon sa a aprè kèk moun te anvayi sitwèb konsila a epi lakoz li krash nan jou ki pase yo, paske twòp moun te monte sou li pou fè tranzaksyon ki pa kòrèk: genyen ki tap chache chanje non moun ak dat randevou pou benefis pèsonèl yo, san otorizasyon e san konesans otorite konsène yo. Dat avèk non ki sou resi yon moun resevwa lè li aplike nan SogeBank, pral pèmèt konsil yo detèmine vrèman si moun ki prezante nan randevou a se egzatteman moun ki te aplike a.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon korespondans Rotchild François Junior ki e asiste yon konferans pou laprès konsil jeneral Lèzetazini an te bay sou kesyon an nan jounen madi 17 desanm 2013 la. Rotchild va bay detay tou sou kèk lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG