Accessibility links

Breaking News

Etazini-Finans : Gwo Chans pou Kongrè a Apwouve yon Nouvo Bidjè Anvan Lontan

Prezidan 2 Komisyon Afè Bidjetè yo, Madam Patty Murray (pou Sena a) ak Misye Paul Ryan (pou Chanm dè Reprezantan an) nan yon konferans pou laprès sou akò sou bidjè a (Washington, madi 17 desanm 2013).
Prezidan 2 Komisyon Afè Bidjetè yo, Madam Patty Murray (pou Sena a) ak Misye Paul Ryan (pou Chanm dè Reprezantan an) nan yon konferans pou laprès sou akò sou bidjè a (Washington, madi 17 desanm 2013).
Ozetazini, manm Sena a vote 67 POU e 33 KONT pou yo apwouve yon mosyon pou yo fè yon vòt final sou yon lejislasyon lidè 2 pati yo (Repibliken kou Demokrat) apiye pou finanse operasyon gouvènman federal la pandan 2 zan kap vini la yo. Sa pare chemen an pou yon vèsyon final pwopozisyon-lwa a pase nan Sena a pi ta semèn sa a.

Lejislasyon sa a --ki se rezilta yon konpwomi ant 2 pati yo-- diminye posiblite pou gouvènman ameriken an ta fèmen ankò aprè 2 zan konfwontasyon tèrib ki te genyen nan Kongrè a sou kesyon bubjè a. Pou majorite senatè yo te vote an favè pwopozisyon-lwa a, 12 palmantè repibliken te aksepte vire kazak yo pou yo vote POU, menm jan ak totalite demokrat ki nan Sena a.

Aprè vòt la, prezidan Komisyon Afè Bidjetè Sena a, Madam Patty Murrey (yon Demokrat) pale pou l di manm tou lè 2 pati yo te aksepte fè sakrifis pou lejislasyon an rive pase. Sanatè Murrey di:

« Pwopozisyon-lwa sa a --ke tou lè 2 pati yo apiye-- reprezante dènye etap travay ki nesesè pou n refè eskanp-figi bidjè nou an ki fin kraze; e mwen espere sa pral sèvi tou pou ede n repare imaj Kongrè nou an ki fin kraze. »

Lejislasyon sa a fikse depans anyèl gouvènman ameriken an nan nivo mil milya dola pa ane pandan 2 zan kap vini la yo. Sepandan, tankou nou di l deja, se 12 repibliken sèlman ki vote pou dokiman an; sa vle di majorite palmantè opozisyon an pa dakò ak sa k nan lejislasyon an. Pa egzanp, Senatè Jeff Sessions, yon repibliken Eta Alamaba, di pwopozisyon-lwa a pa fè ase pou l redui dèt peyi a. Senatè Sessions fè konnen:

«Sa n reyalize la a pa sifi ditou-ditou; avèk plis efò, nou te ka jwenn yon pi bon deal pase sa. An reyalite, nou toujou twouve nou nan yon sitiyasyon bidjetè nou pap ka tolere Ozetazini. »

Pwopozisyon-lwa te deja pase nan Chanm Depite a sa gen 7 jou ak yon gwo majorite, swa 332 vwa POU e 94 vwa KONT. Li byen kapab jwenn yon vòt pozitif final nan Sena a pa pi ta ke mèkredi 18 desanm nan.
XS
SM
MD
LG