Accessibility links

Breaking News

Chili-Prezidansyèl: Michelle Bachelet Ranpòte Laviktwa sou Evelyn Matthei


O Chili, sosyalis modere Michelle Bachelet pral tounen nouvo prezidan peyi a pou yon manda 4 tran apre komisyon elektoral la anonse se li menm ki ranpòte 2èm tou eleksyon prezidanyèl yo. Se 2èm fwa Madam Bachelet pral monte sou pouvwa a.

Aprè otorite elektoral yo fin anonse viktwa l la, Michelle Bachelet deklare devan yon foul patizan ki te reyini pou koute li: "Mwen fyè deske mwen se prezidan eli nou jodi a. Mwen fyè pou peyi sa a ke nou deja konstwi ansanm; sepandan mwen pi fyè toujou pou peyi sa a ke nou pral kontinye konstwi ansanm."

Madan Bachelet pwomèt pou l ogmante taks antrepriz yo nan peyi a yon fason pou l finanse yon seri pwogram sosyal, tankou refòm nan sistèm edikatif la; li pwomèt tou pou l amande konstitisyon an ki ekziste depi sou peryòd diktatè Pinochet a, epi li pral legalize avòtman (kidonk, dilatasyon) nan yon seri sikonstans espesyal .

Advèsè Madam Bachelet a, kandida sant dwat la, Evelyn Matthei, rekonèt defèt li apre rezilta yo te bay Madan Bachelet 62 pou 100 vwa yo kont 38 pou 100 an favè li menm.

Madam Matthei deklare: "Nou te deja okouran viktwa Michelle Bachelet a; nou te byen konnen se li ki eli kòm nouvo prezidan chilyen. Ta lè konsa mwen pral telefone li pou m felisite l epi swete administrasyon n nan tout siksè posib."

Prezidan eli a, Michelle Bachelet, gen pou prete sèman nan mwa Mas 2014 pwochen. Li pral ranplase prezidan konsèvatè Sebastian Pinera.
XS
SM
MD
LG