Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Venezuela: Vwayaj 2 Jou Prezidan Martelly nan Karakas


Prezidan Michel Martelly, ki nan tèt yon delegasyon, ale o Venezuela dimanch 15 desanm 2013 la pou l patisipe nan 9èm somè Alyans Bolivaryèn pou Pèp Amerik yo (ALBA) k ap dire 2 jou.

Yon lòt kote, patizan Pati Fanmi Lavalas yo ap mete sou pye divès manifetasyon, nan jounen lendi 16 desanm 2013 la, pou yo make anivèsè eleksyon 16 desanm 1990 la ki te pote lidè pati a, Jean-Bertrand Aristide, sou pouvwa a.

Epi, reyaksyon kontinye tonbe nan milye politik yo aprè Pouvwa Egzekitif la te fè lwa elektoral la parèt nan jounal ofisyèl la Le Moniteur. Kèk lidè politik fè konnen se yon pa nan bon direksyon an.

Anfen, travayè ayisyen yo -tou espesyalman ouvriye kap travay nan faktori yo—kontinye leve lavwa pou yo mande ogmantasyon salè minimòm nan. Travayè yo ap fè reklamasyon sa a, nan moman kèk òmdafè di yo ta pito fèmen pòt yo pase pou yo mete 5 kòb sou salè minimòm aktyèl la.

Daprè yo, sèl jan pou yo ta aksepte mete yon diplis sou kòb anplwaye yo, se si Leta ayisyen fè yon jan pou l bese taks yap peye, fasilite dedwànman machandiz yo epi, antwòt, bese pri elektrisite a.

Klike sou “Koute” pou detay nouvèl sa yo avèk korespondan nou Rotchild F. Junior.
XS
SM
MD
LG