Accessibility links

Breaking News

Ekriven Ayisyano-Kanadyen Dany Laferrière Antre nan Akademi Fransèz


Ekriven ayisyano-kanadyen, Dany Laferrière, antre nan Akademi Fransèz jedi 12 desanm 2013 la. Mesye Laferièrre ranpòte eleksyon an depi nan premye tou a avèk 13 vwa sou 23. A 60 tan, Misye Laferièrre tounen 2èm ekriven nwa, aprè senegalè Leopold Sedar Senghor, ki antre nan Akademi Fransèz ; e se pi jèn nan tou. Li se otè plis pase yon douzèn woman --pami yo genyen yon Prix Médicis pou "L'énigme du retour" ki te parèt nan ane 2009.

Nan menm jounen jedi a, Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, eksprime satisfaksyon pèsonèl li aprè eleksyon ekriven ayisyano-kanadyen an nan Akademi Fransèz la.

Mesye Martelly deklare :"Eleksyon Dany Laferrière la konfime yon lòt fwa ankò gwo kapasite entèlektyèl natif-natal vil Ti Goav la. Se dabò yon onè pou tout ayisyen ki te toujou wete chapo yo devan konesans ak espri ouvèti gran ekriven sa a; e se yon fyète pou lòt ekriven nan jenerasyon l nan ak jèn otè yo tou."

Dany Laferrière, ki tounen yon manm a vi Akademi Fransèz la, ranpòte vòt la depi premye tou eleksyon an. Li pral gen pou l chita sou fotèy nimewo 2 a. Te gen 5 lòt kandida nan kous la: Catherine Clément, Yves-Denis Delaporte, Arthur Pauly, Jean-Claude Perrier ak Georges Tayar.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Lavwadlamerik nan Pòtopens, Rotchild Francois Jr., ki rankontre ak Misye Laferrière aprè eleksyon l nan.
XS
SM
MD
LG