Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sekretè Deta Kerry Retounen nan Mwayen Oryan


Sekretè deta Etazini an, John Kerry, retounen nan Mwayen Oryan an yon semèn aprè li te fini yon vizit ki pat satisfè otorite palestinyen an pou ide Etazini genyen sou yon akò lapè avek Izrayel ki pa ka atènn objektif vize yo.

Rankont Msye Kerry te gen pou l fè avèk premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu e ak prezidan Shimon Peres nan Jerusalem nan ranvwaye akòz yon tanpèt nèj ki frape vil la .

Men pi gwo diplomat Etazini an sipoze rankontre ak prezidan otorite palestinyen an, Mahmoud Abbas, nan vil Ramallah nan Sis-jodani.
XS
SM
MD
LG