Accessibility links

Breaking News

Nikaragua: Chanjman Nan Konstitisyon Peyi a Pou Bay Prezidan an yon Lòt Manda


Prezidan Nikaragua a, Daniel Ortega ap vanse pi prè pou l gen yon manda endefini sou pouvwa a apre alye li yo nan Asanble nasyonal la apwouve chanjman konstitisyonel ke advèsè li yo di ki fèt pou kenbe lidè sandinis la sou pouvwa a avi.

Lejislasyon sa a elimine tan limit pou yon prezidan fè sou pouvwa a nan peyi Nikaragua, sa k ap pèmèt msye Ortega chache re-eli nan lane 2016. Kounye a la p pase yon 3 zyèm manda sou pouvwa a selon yon desizyon lakou siprèm ki anile entediksyon konstitisyonèl la. Patizan Msye Ortega yo di lwa sa a ap pèmèt sitwayen Nikaragua yo chwazi lidè yo pi libreman.

Walmaro Gutierrez se manb kongrè sandinis la. Men sal deklare konsènan nouvo lejislasyon an : “Sa lwa sa a pou mete fen nan tan limit prezidansyèl la di nikaragueyen yo se chwazi moun nou vle san okèn kalite presyon, san okèn kalite menas, san oken kalite kontrent. Si ou panse ke prezidan an ap fè yon bon travay se re-eli li, si ou pa panse sa a, voye l lakay li. Se sa lwa sa a di e pa pral gen oken presyon ankò sou piblik Nikaragua a pou l egzèse dwa granmoun ni libreman e demokratikman pou l chwazi otorite li yo e se sak fè nou panse se yon refòm pozitiv."

Men lidè opozan yo denonse refòm sa a ke yo konsidere kom ilejitim e yo te vire do kite asanble a anvan vòt la. Manb kongrè liberal opozisyon an, Eduardo Montealegre, esplike pozisyon pa limenm ak kòlèg li yo.

Misye Montealegre fè konnen: “Nou rejte refòm konstitisyonèl sa a totalman e nèt ale; paske nou konsidere li ilejitim, paske li baze sou fwòd elektoral ak vyolasyon konstitisyon an; nou konsidere li pa koresponn ak volonte pèp Nikaragueyen an.”
Gen yon dezyèm vòt ki dwe fèt ane pwochèn sou chanjman sa yo anvan yo tounen yon lwa.
XS
SM
MD
LG